Anpil bèf kòmanse mouri aprè yo fin tonbe malad nan 5e seksyon kominal Dàm Mari, nan depatman Grandans. Selon Ernst Rotyla Dirette, plizyè mouri e gen anpil abitan k ap soufri ak gwo doulè nan vant. Gen lòt moun li gen plè k ap leve sou po yo. Daprè kèk espesyalis, se ta siy maladi chabon ki frape komin sa a. Annatandan yon ankèt medikal, mesye Dirette mande popilasyon an fè yon kanpe sou konsomasyon vyann bèf nan zòn nan.
Moun yo mande Sante Piblik ak responsab Agrikilti nan peyi a pou pase wè yo prese prese.























