Pandan operasyon yo ap kontinye nan antre sid kapital la, Lapolis Nasyonal d Ayiti sòti yon kominike pou anonse yo deja touye anviwon 54 kriminèl sèlman pou semèn pase a. Operasyon sa yo ki mennen sou plizyè fwon pèmèt fòs lòd yo kraze anpil baz bandi nan kapital la, an patikilye Matisan. Lapolis anonse y ap kontinye ak operasyon yo pou yo ka reprann kontwole zòn sa yo.
N ap raple salvadoryen yo jwe gwo wòl nan rezilta sa yo sou tèren an, sitou se prezans yo ki entansifye atak kont gang yo.













