Manm Fòs Represyon Gang yo nan tèt kole ak Lapolis Nasyonal d Ayiti rive kraze baz gang k ap opere nan Tibwadòm yo selon plizyè imaj ak videyo ki an sikilasyon. Gang sa a ki toujou malmennen popilasyon an, resi gen yon operasyon ki rive nan fyèf yo. Pandan operasyon sa a, fòs lòd yo pa anonse si yo rive mete do kèk kriminèl atè.
Gang yo gaye tout kote nan Latibonit pandan popilasyon an toujou ap tann fòs lòd yo pou frennen deriv yo.















