Ansyen vis delege awondisman Miragwàn sou administrasyon ansyen prezidan Michel Martelly, Samuel Bonheur, jwenn arestasyon li lendi 24 dawout 2026 nan depatman Nip. Arestasyon an fèt pandan li t ap fè demach administratif pou jwenn kazye jidisyè li, yon dokiman li te bezwen pou prepare kandidati li nan pwochen eleksyon yo.
Daprè enfòmasyon ki disponib, ajan Sèvis Depatmantal Polis Jidisyè (SDPJ) nan Nip yo te entèpele Samuel Bonheur nan moman li te prezante devan sèvis la pou fè demand li konsènan kazye jidisyè a.





















