Day: <span>August 25, 2026</span>

André Michel ak Nenel Cassy resisite tèt yo pou bare

2 ansyen prezidan barikad yo, Nenel Cassy ak André Michel fè yon rasanbleman nan Petyonvil pou prepare eleksyon yo. Selon sa bout Michel di, yo deside fè tèt kole ak Jude Célestin, Moïse Jean-Charles, Fanmi Lavalas pou n site sa yo ase. Objektif blofè sa yo se ta pou anpeche Martelly retounen prezidan. Tout rat […]Lire plus...

Chèf Lame d Ayiti a fè yon deklarasyon ki pliske

Derby Guerrier chèf eta majò Lame d Ayiti deklare nan yon entèvansyon li t ap fè nan Le Nouvelliste, gang yo konn pi byen ame pase fòs lòd yo. Deklarasyon chèf Lame a parèt iresponsab e menm konplis paske se jarèt li bay gang yo epi dekouraje viktim yo. Di gang yo pi byen ame […]Lire plus...

Okenn dispozisyon pat pran pou epanye Kenskòf kont dènye atak

Alix Didier Fils-Aimé, chèf CSPN, Paul Antoine Bien-Aimé, minis enteryè, Vladimir Paraison, direktè PNH, komisè Cadet, responsab komisarya Kenskòf la pou n site sa yo ase, melanje ak chèn kòmandman Lame d Ayiti te konnen depi plizyè jou ap gen yon atak Kenskòf. Menm komisè Cadet sa a te deklare Kenskòf pral sibi yon atak […]Lire plus...

Teworis Didi menase touye plizyè moun ki nan men l

Aprè atak dènye Kenskòf la ki lakoz lanmò anviwon 50 moun, teworis ki rele Didi ki gen kontwòl komin nan menase touye plizyè dizèn moun yo te kidnape dimanch 23 out la. Selon sa kriminèl la di nan videyo a, depi lapolis lakoz li pèdi menm yon chen, l ap touye tout moun ki nan […]Lire plus...

Yon etidyan nan 4e ane syans enfimyè nan UNASMOH mouri

Kominote etidyan UNASMO a nan gwo doulè aprè nouvèl lanmò Joseph Dalenjie, yon etidyan ki te nan 4yèm ane Syans Enfimyè. Jèn demwazèl la mouri 20 dawout 2026 ak sèlman 24 lane, pandan li t ap pousuiv rèv li pou vin yon enfimyè epi sèvi kominote a. Disparisyon li an boulvèse kamarad klas li yo, […]Lire plus...

Ansyen vis delege Miragwàn nan anba kòd pou « abi

Ansyen vis delege awondisman Miragwàn sou administrasyon ansyen prezidan Michel Martelly, Samuel Bonheur, jwenn arestasyon li lendi 24 dawout 2026 nan depatman Nip. Arestasyon an fèt pandan li t ap fè demach administratif pou jwenn kazye jidisyè li, yon dokiman li te bezwen pou prepare kandidati li nan pwochen eleksyon yo. Daprè enfòmasyon ki disponib, […]Lire plus...

DHS devwale 15 Ayisyen li prezante kòm manm gang ak

Depatman Sekirite Enteryè Etazini (DHS) mete piblikman non ak foto 15 Ayisyen ki te pami plis pase 160 moun Etazini te depòte an Ayiti nan dènye vòl la. Nan yon kominike ki pibliye 24 dawout 2026, DHS prezante moun sa yo kòm moun ki gen divès dosye kriminèl, pami yo manm gang, moun ki kondane […]Lire plus...

Contact Us