Derby Guerrier chèf eta majò Lame d Ayiti deklare nan yon entèvansyon li t ap fè nan Le Nouvelliste, gang yo konn pi byen ame pase fòs lòd yo. Deklarasyon chèf Lame a parèt iresponsab e menm konplis paske se jarèt li bay gang yo epi dekouraje viktim yo. Di gang yo pi byen ame pase Lapolis osinon lame gen anpil lejète ladan l.
Depi aprè dènye masak Kenskòf la, chak otorite ki pran lapawòl, yo pa di anyen ki bon.























