Gouvènman ayisyen an ap bay moun Etazini depòte nan peyi a yon asistans finansyè pou ede yo kontinye vwayaj yo aprè yo fin rive. Daprè enfòmasyon jounalis Jacqueline Charles nan Miami Herald, chak depòte resevwa anviwon 76,40 dola ameriken nan men otorite ayisyen yo. Se ajan Ofis nasyonal migrasyon (ONM) ki resevwa yo nan ayewopò a epi remèt asistans lan.
Enfòmasyon an vini aprè premye vòl depòtasyon ameriken an ki te pote 161 Ayisyen nan Okap depi fen TPS la.























