Nan rezilta 9yèm Ane Fondamantal 2026 yo, plizyè depatman deja pibliye pousantaj reyisit yo. Nò an pran tèt ak 93.45%, Lwès vin dèyè ak 91.90%, Nòdès 91.73%, Sid 91.45%, Sant 86.24%, Grandans 85.99%, Sidès 80.34% ak Nip 75.50%. Pou bakaloreya, Lwès anrejistre 45.73% reyisit, kont 40.36% pou Nip. Rezilta 9yèm AF Latibonit ak Nòdwès, ansanm […]Lire plus...
Nan kad demi final CFU Tchyalenj ki t ap jwe jodi a, seleksyon U-14 la lave Sendomeng 6 gòl a 1. Bitè ayisyen yo se Jerry Petit-Homme, Wensley Dumorne ki make 2 gòl, Jodley Delmas, Eddyson Paul ak Ronelson Pele Janvier. Randevou dimanch 23 dawout pou final la nan Konplèks Espòtif Cap Cana fas ak […]Lire plus...
Michael Gallagher, yon Ameriken 63 lane ki te responsab sekirite konpayi sigarèt Comme Il Faut, mouri asasinen mèkredi 19 dawout la nan biwo li. Selon premye eleman enfòmasyon yo, viktim nan mouri apre li te resevwa plizyè kout kouto. Sikonstans egzak asasina a ansanm ak motif krim nan poko fin etabli. Plizyè ajan sekirite ta […]Lire plus...
Gouvènman ayisyen an ap bay moun Etazini depòte nan peyi a yon asistans finansyè pou ede yo kontinye vwayaj yo aprè yo fin rive. Daprè enfòmasyon jounalis Jacqueline Charles nan Miami Herald, chak depòte resevwa anviwon 76,40 dola ameriken nan men otorite ayisyen yo. Se ajan Ofis nasyonal migrasyon (ONM) ki resevwa yo nan ayewopò […]Lire plus...
Lapolis Nasyonal d Ayiti (PNH), atravè Biwo Lit Kont Trafik Estipefyan (BLTS), anonse arestasyon Alexis Hernso ak Exterminé Samuel nan kad yon operasyon kont trafik dwòg. Operasyon an te fèt nan zòn Karade, Siloye ak Taba. Pandan entèvansyon an, ajan BLTS yo sezi 281,5 kilogram marigwana. Daprè enfòmasyon otorite yo, moun yo te itilize yon […]Lire plus...
