Nan rezilta 9yèm Ane Fondamantal 2026 yo, plizyè depatman deja pibliye pousantaj reyisit yo. Nò an pran tèt ak 93.45%, Lwès vin dèyè ak 91.90%, Nòdès 91.73%, Sid 91.45%, Sant 86.24%, Grandans 85.99%, Sidès 80.34% ak Nip 75.50%. Pou bakaloreya, Lwès anrejistre 45.73% reyisit, kont 40.36% pou Nip. Rezilta 9yèm AF Latibonit ak Nòdwès, ansanm ak lòt depatman pou bakaloreya, poko pibliye.
Pou Lekòl Nòmal Enstititè, 1 759 sou 2 510 patisipan reyisi, pou yon to 70.08%.























