Se afwontman ant 2 gwoup gang ki koz lanmò plizyè endividi nan Bòdmè Limonad daprè Arol Jean, pòt pawòl PNH la pou depatman Nò. Viktim yo se pa manm popilasyon sivil la men se pito bandi ki tonbe toujou selon pòt pawòl la. Detanzantan gen ti dife vilan nan rejyon nò a e semèn pase a, yon gwoup endividi ak gwo zam te menm dezame ajan sekirite nan ponp gaz.
Sitiyasyon sa yo lage gwo enkyetid nan mita popilasyon sivil la.













