Anviwon 30 fanm jounalis te patisipe jedi 27 dawout la nan yon jounen fòmasyon Gouvernance Group (GG) te òganize sou tèm “Fanm jounalis ak eleksyon”. Aktivite a te make fen yon pwogram fòmasyon ki te dire yon mwa edmi pou ranfòse kapasite fanm ak jèn fi k ap travay nan medya yo. Plizyè pwofesyonèl medya tankou Jacques Ambroise, Guerrier Dieuseul ak Romel Pierre te ede nan fasilite fòmasyon sa a.
Patisipan yo te travay sou verifikasyon enfòmasyon, tretman nouvèl politik, etik jounalis ak enpòtans yon kouvèti elektoral ki enklizif epi sansib ak kestyon jan.













