Gwo vedèt foutbòl pòtigè a, Cristiano Ronaldo, anonse retrèt li nan seleksyon nasyonal Pòtigal la jedi 5 novanm 2026 la, apre plis pase 23 ane ap reprezante peyi li sou teren foutbòl la. Nan yon mesaj chaje emosyon li li epi pibliye sou rezo sosyal li yo, atakan an fè konnen li deside mete fen nan avanti entènasyonal li ak seleksyon Pòtigal la. Anons sa a make fen yon epòk pou youn nan pi gwo jwè foutbòl jenerasyon li. Pandan karyè li ak seleksyon an, Ronaldo jwe 234 match epi make 146 gòl.
Li kontribye tou nan viktwa peyi li nan Euro 2016 ak Lig Nasyon UEFA a an 2019 ak 2025.













