Yon jèn Ayisyen 23 an, ki idantifye kòm Destino Jean-Louis, ap fè fas ak akizasyon asasina Ozetazini, apre lanmò menaj li, Latosha Ann Cooper, yon fanm 45 an, ki te mouri anba bal devan yon magazen Walmart nan Cheltenham, nan eta Pennsylvania, nan dat 21 oktòb 2026 la. Daprè plizyè medya ameriken, asasina a ta gen rapò ak yon konfli ant koup la sou dosye rezidans jèn ayisyen an. Selon enfòmasyon ki soti nan dokiman tribinal yo, Cooper te dakò marye ak Jean-Louis pou ede l jwenn yon kat rezidans pèmanan Ozetazini. Sepandan, apre relasyon yo te deteryore, fanm nan te retire demann ki t ap soutni pwosesis imigrasyon an an jiyè 2026.
Dapre pwokirè yo, Jean-Louis ta siveye mouvman Cooper anvan asasina a. Envestigatè yo ta jwenn enfòmasyon ki montre li te chèche konnen orè travay fanm nan epi li te parèt plizyè fwa nan zòn pakin magazen an anvan fiziyad la















