Gilbert Bigio, biznismann nan peyi d Ayiti depi plizyè lane pran direksyon gran lakou jounen madi 29 septanm 2026 la nan peyi Etazini, Eta Florid. Bigio mouri ak 91 rekòt kafe sou tèt li. Gilbert Bigio pat sèlman nan zafè biznis men li te konsil onorè peyi Izrayèl an Ayiti depi 25 lane.
Kanada te mete towo sa a sou lis moun ki sanksyone pou trafik zam ak vyolasyon dwa moun sou tè Desalin nan.













