Polis Nasyonal Ayiti (PNH) ranfòse kapasite operasyonèl li ak gradyasyon 29 ajan ki soti nan inite espesyal yo, aprè yo fin konplete fòmasyon yo nan Sant Fòmasyon mòn kas la nan depatman nòdès. Fòmasyon sa a te reyalize gras ak sipò Gouvènman Kanada, ki reyafime angajman li pou kontinye apiye efò ki vize modènize ak ranfòse kapasite PNH nan batay kont ensekirite. Òganizasyon Eta Ameriken (OEA) te patisipe tou nan inisyativ sa a ki vize amelyore pèfòmans fòs lòd yo ann Ayiti.













