Meyè, ki se youn nan prensipal chèf nan baz kokorat san ras la tonbe anba bal gwoup k ap defann zòn yo nan depatman Latibonit la samdi kite 19 jiyè 2025 lan. Pandan nèg yo al fè yon atak Lestè kote yo touye anviwon 7 inosan, misye li menm tou tonbe li pa leve. Meyè sa a se kouzen Mèt Samuel Madistin ki se yon gwo pyon nan òganizasyon dwa moun ki rele Fondasyon Je Klere a.
N ap raple dènye jou sa yo ni baz Gran Grif ni Kokorat sa ras pa sispann anpire dega yo nan Latibonit.





















