Aprè anviwon 3 semèn san nouvèl sou li, otorite yo dekouvri kadav Joseph Willard Vancol, direktè radyo kominotè Ti Boukan FM ak kowòdonatè Sant Fòmasyon Enstiti Teknoloji ak Animasyon (ITECA), nan yon raje nan komin Gresye. Dekouvèt la fèt mèkredi 9 septanm 2026, daprè enfòmasyon Kreyòl Enfo rapòte. Pandan konsta legal la, otorite yo konstate tèt viktim nan te separe ak rès kò li, yon eleman ki montre gravite zak kriminèl yo. Vancol te disparèt depi 20 dawout, aprè yon atak gang te lanse sou lokal ITECA nan Ti Boukan.
Anplis responsablite li nan Ti Boukan FM, Willard Vancol te angaje nan travay kominotè ak defans dwa moun.













