Day: <span>September 12, 2026</span>

Pastè Eddy Noelsaint kondane pou 30 lane prizon pou agresyon

Pastè ayisyen Eddy Noelsaint kondane pou 30 ane prizon aprè yon jiri te jwenn li koupab sou plizyè akizasyon ki gen rapò ak agresyon seksyèl sou yon fidèl legliz ki te vin jwenn li pou konsèy espirityèl. Daprè pwokirè yo, Noelsaint te pwofite konfyans fanm nan te genyen nan li kòm pastè. Yo akize l […]Lire plus...

André Déjean, youn nan gwo figi mizik ayisyèn an kite

Twonpetis ayisyen André Déjean mouri jedi 11 septanm 2026 la, a 75 rekòt kafe sou tèt li, nan yon lopital nan Florid, Ozetazini, aprè yon peryòd maladi. André Déjean se te youn nan manm fondatè ak poto mitan fòmasyon lejandè Les Frères Déjean, yon gwoup ki te make istwa konpa ak mizik ayisyen an. Pandan […]Lire plus...

Majistra Dajabón nan mande yon prizon espesyal pou ayisyen

Majistra Dajabón nan, Santiago Riverón, pwopoze pou konstwi yon prizon espesyal pou Ayisyen ki ta kontinye travèse fwontyè a ilegalman aprè yo fin depòte. Daprè deklarasyon Riverón, mezi sa a ta vize moun k ap retounen Sen Domeng malgre yo te depòte yo deja. Pwopozisyon sa a fèt nan yon moman kote otorite dominiken yo […]Lire plus...

Yo jwen kadav direktè radyo Ti Boukan FM nan aprè

Aprè anviwon 3 semèn san nouvèl sou li, otorite yo dekouvri kadav Joseph Willard Vancol, direktè radyo kominotè Ti Boukan FM ak kowòdonatè Sant Fòmasyon Enstiti Teknoloji ak Animasyon (ITECA), nan yon raje nan komin Gresye. Dekouvèt la fèt mèkredi 9 septanm 2026, daprè enfòmasyon Kreyòl Enfo rapòte. Pandan konsta legal la, otorite yo konstate […]Lire plus...

3 ti moun resevwa konvokasyon pou prezante devan ICE

Omwen 3 timoun ki se pitit ayisyen ki rete nan Ohio resevwa lèt konvokasyon pou prezante devan otorite imigrasyon ameriken yo, daprè James P. Fleurijean, yon manm òganizasyon Haitian Community Help & Support Center, ki baze nan Springfield. Daprè James Fleurijean, timoun yo gen 4, 8 ak 12 lane. Enfòmasyon sa a deja soulve enkyetid […]Lire plus...

Contact Us