Twonpetis ayisyen André Déjean mouri jedi 11 septanm 2026 la, a 75 rekòt kafe sou tèt li, nan yon lopital nan Florid, Ozetazini, aprè yon peryòd maladi. André Déjean se te youn nan manm fondatè ak poto mitan fòmasyon lejandè Les Frères Déjean, yon gwoup ki te make istwa konpa ak mizik ayisyen an. Pandan plizyè dizèn ane, mizisyen an te kontribye nan devlopman ak pwomosyon mizik ayisyèn nan, sitou atravè talan li kòm twonpetis. Travay li kite yon mak enpòtan nan patrimwàn mizikal peyi a.
Lanmò André Déjean reprezante yon gwo pèt pou fanmi li, kominote mizisyen yo ak tout jenerasyon moun ki te apresye mizik Les Frères Déjean.













