Majistra Dajabón nan, Santiago Riverón, pwopoze pou konstwi yon prizon espesyal pou Ayisyen ki ta kontinye travèse fwontyè a ilegalman aprè yo fin depòte. Daprè deklarasyon Riverón, mezi sa a ta vize moun k ap retounen Sen Domeng malgre yo te depòte yo deja.
Pwopozisyon sa a fèt nan yon moman kote otorite dominiken yo ap ranfòse kontwòl sou fwontyè a ak operasyon kont migrasyon iregilye.













