Pastè ayisyen Eddy Noelsaint kondane pou 30 ane prizon aprè yon jiri te jwenn li koupab sou plizyè akizasyon ki gen rapò ak agresyon seksyèl sou yon fidèl legliz ki te vin jwenn li pou konsèy espirityèl. Daprè pwokirè yo, Noelsaint te pwofite konfyans fanm nan te genyen nan li kòm pastè. Yo akize l dèske li te prepare yon te kote li ta mete 4 konprime pou fè viktim nan pèdi kontwòl, anvan li te komèt agresyon seksyèl la.
Pandan pwosè a, fanm nan te temwaye sou konsekans emosyonèl zak la te genyen sou lavi li. Bò kote pa li, Eddy Noelsaint te konteste vèsyon viktim nan, li soutni relasyon an te fèt ak konsantman.













