Lapolis nan tèt kole ak Komisè Gouvènman Wanament lan, mèt Elisma Florvil, arete 5 moun, pami yo yon fanm, pandan yon operasyon jedi 17 septanm nan Ti Lorye ak Akil Dèpen. Pandan entèvansyon an, fòs lòd yo sezi 2 zam kreyòl (tchagòm) ki sèvi ak katouch 12, ansanm ak plizyè pake yon sibstans ki sanble ak marigwana.
Daprè otorite yo, moun yo arete yo ta kapab fè fas ak akizasyon pou vòl, asosyasyon malfektè ak detansyon ilegal zam. Ankèt la ap kontinye.













