Day: <span>September 18, 2026</span>

114 militè ayisyen al pran fòmasyon Meksik

Nan kad patenarya ki genyen ant Leta Ayisyen ak gouvènman Meksiken an, 114 sòlda kite peyi d Ayiti jounen vandredi 18 septanm 2026 la pou al pran yon fòmasyon nan peyi Meksik. Responsab yo fè konnen fòmasyon sa yo se pou ranfòse kapasite Fòs Lame d Ayiti a. Seremoni pou sòlda sa yo deplase a […]Lire plus...

Plizyè militè tchadyen rive pou ranfòse GSF la

Plizyè pèsonèl militè ki soti Tchad rive an Ayiti ayè jedi 17 septanm nan pou rejwenn GSF la, nan kad deplwaman entènasyonal k ap vize ranfòse kapasite operasyonèl fòs la sou tèren an. Pèsonèl tchadyen sa yo vin ranfòse kontenjan ki deja prezan nan peyi a malgre poko janm gen rezilta. Pou moman an, kantite […]Lire plus...

2 Ayisyen ak yon Ameriken kondane pou abi seksyèl sou

2 sitwayen ayisyen ak yon sitwayen ameriken kondane Ozetazini pou yon dosye ki gen rapò ak eksplwatasyon seksyèl sou 3 timoun nan eta Florid. Santans yo varye ant 12 ane ak 19 ane epi 7 mwa prizon. Daprè enfòmasyon ki disponib, lajistis te pouswiv moun sa yo aprè yon ankèt otorite amerikèn yo te mennen […]Lire plus...

Wanament : Lapolis arete 5 sispèk epi sezi 2 zam

Lapolis nan tèt kole ak Komisè Gouvènman Wanament lan, mèt Elisma Florvil, arete 5 moun, pami yo yon fanm, pandan yon operasyon jedi 17 septanm nan Ti Lorye ak Akil Dèpen. Pandan entèvansyon an, fòs lòd yo sezi 2 zam kreyòl (tchagòm) ki sèvi ak katouch 12, ansanm ak plizyè pake yon sibstans ki sanble […]Lire plus...

Omwen 5 elèv kidnape nan zòn metwopolitèn nan

Pou pi piti 5 elèv ladan yo 3 fi ki fè pati yon menm fanmi sibi zak anlèvman maten vandredi 18 septanm nan sou Bwa Vèna. Sa pase ant ri Kamelo ak Difò selon temwen ki te sou plas. Dèlma, Petyonvil, Pòtoprens elatriye, kidnaping nan fin debòde nan lari a. E gen gwo enkyetid paske […]Lire plus...

Contact Us