Pou pi piti 5 elèv ladan yo 3 fi ki fè pati yon menm fanmi sibi zak anlèvman maten vandredi 18 septanm nan sou Bwa Vèna. Sa pase ant ri Kamelo ak Difò selon temwen ki te sou plas. Dèlma, Petyonvil, Pòtoprens elatriye, kidnaping nan fin debòde nan lari a. E gen gwo enkyetid paske se elèv ki plis viktim dènye tan sa yo.
Depi aprè yo fin retire Jacques Ader nan DDO-1, vàn kidnaping nan relouvri.













