Besty Klein ki se jounalis CNN ak yon fotograf epi yon jounalis MS Now pa gen aksè pou antre nan Mezon Blanch lan. Anviwon 24 èdtan aprè Trump te di li p ap kite CNN ak MS Now antre nan palè a, sa rive fèt vre maten samdi 19 septanm nan. “Daprè konstitisyon amerikèn nan, nou gen dwa fè repòtaj san antrav, ni enjerans bò kote gouvènman an. Entèdiksyon sa a se yon atent ilegal a dwa fondamantal jounalis yo”, se sa CNN ekri. Donald Trump fè yo sezi “Lese pase” jounalis medya sa yo.
MS Now sou bò l denonse blokaj sa a e yo di Mezon Blanch se pou pèp ameriken an.















