Anviwon 3 lane apre lanmò trajik atis Marc Daniel Cuvier, moun plis konnen sou non Asap Fresh, manman l, Sonia Cuvier, manman li, pran lapawòl piblikman pou pale sou sitiyasyon difisil l ap viv la, sitou pwoblèm ekonomik ak ensekirite. “Pitit la, se li ki te tout mwen menm. Se li menm Bondye te ban mwen”, se sa manman an deklare.
Pandan yon entèvyou nan emisyon jounalis Chérubin an, li lanse yon gwo apèl bay atis ak tout aktè nan sektè mizik ayisyen an pou yo mete tèt ansanm pou òganize yon konsè omaj ak solidarite nan memwa pitit li a, kote y ap valorize repètwa mizik li.













