Avèk 38 070 vòt, ki reprezante 51,63 % total vòt yo, edikatris ayisyano-amerikèn Linda Cothière ranpòte eleksyon pou pòs reprezantan Distri 1 nan Konsèy Edikasyon Konte Miami-Dade, nan Florid. Nan eleksyon mi-manda ki dewoule ayè madi 3 novanm 2026 la, orijinè Okap la rive enpoze l nan 79 sou 80 sikonskripsyon elektoral yo. Konkiran li, Katrina Wilson, jwenn 48,37 % vòt yo. Viktwa sa a gen yon siyifikasyon espesyal, paske Linda Cothière vin premye fanm ayisyèn ki eli nan Konsèy Edikasyon Konte Miami-Dade.
Malgre li te fini an dezyèm pozisyon nan premye tou eleksyon primè yo, li rive ranpòte kous la nan dezyèm etap la. Li gen 30 lane eksperyans nan edikasyon nan peyi a.















