Lapolis Nasyonal d Ayiti, atravè Sèvis Depatmantal Polis Jidisyè (SDPJ) nan Nò, mennen yon operasyon nan komin Gran Rivyè di Nò yè madi 3 novanm 2026 la, kote yon ti jèn jwenn arestasyon li. Fòs lòd yo sezi yon zam pandan entèvansyon an. Operasyon sa a antre nan kad aksyon lapolis ap mennen pou konbat ensekirite epi ranfòse sekirite nan depatman Nò a.
Pou kounye a, otorite lapolis yo poko kominike idantite jèn gason an ni bay plis detay sou sikonstans operasyon an.















