Prezidan El Salvador la, Nayib Bukele, fè yon deklarasyon ki atire anpil reyaksyon sou rezo sosyal yo, mèkredi 4 novanm 2026 la. Sanble gang yo pa vle goumen avèk nou , se pawòl chèf Leta salvadoryen an ki vin alimante diskisyon yo pandan sòlda peyi li yo ap mennen operasyon ann Ayiti. Deklarasyon sa a vini nan yon moman kote militè salvadoryen yo ap kontinye mobilizasyon yo pou jwenn 4 teknisyen avyasyon salvadoryen ki tonbe anba men gwoup ame yo depi 18 oktòb pase a.
Depi disparisyon 4 teknisyen yo, otorite salvadoryen yo ap chèche jwenn tras yo, pandan operasyon yo ap kontinye sou teren an.













