Joverlain Moïse, pitit defen Prezidan Jovenel Moïse la, rive nan ayewopò entènasyonal Okap la mèkredi 4 novanm 2026 la. Daprè enfòmasyon ki disponib yo, jèn gason an gen pou l pran direksyon Twoudinò, kote li pral fè demach pou enskri kòm elektè nan kad preparasyon pou pwochen eleksyon yo.
Arive Joverlain Moïse nan peyi a dewoule nan yon moman kote Ayiti ap prepare pou retounen sou chemen pwosesis elektoral la, apre plizyè ane enstabilite politik ak absans eleksyon.















