Plizyè dizèn pasaje ki te dwe antre Okay depi 8è maten samdi 8 out la nan vil Okay rete bloke nan ayewoga Guy Malary a. Responsab yo di yo se ta pwoblèm teknik ki dèyè blokaj sa a. Moun sa yo ki te trè an kòlè te tante bloke yon lòt vòl ki ta prale Okap vè 6è aprè midi a.
Plent yo pa sispann kont konpayi ayeryèn sa a ki toujou ap tonbe nan gwo eskandal.





















