Medsen San Fwontyè (MSF) anonse li sispann aktivite li yo ankò nan matènite Isaïe Jeanty, zòn Chansrèl nan komin Site Solèy. MSF pran mezi sa a akoz vyolans gang yo ki retounen monte anndan pi gwo bidonvil peyi a. Ã’ganizasyon sanitè a fè konnen lavi pasyan ak pèsonèl medikal yo an danje anndan Site Solèy. […]Lire plus...
Plizyè dizèn pasaje ki te dwe antre Okay depi 8è maten samdi 8 out la nan vil Okay rete bloke nan ayewoga Guy Malary a. Responsab yo di yo se ta pwoblèm teknik ki dèyè blokaj sa a. Moun sa yo ki te trè an kòlè te tante bloke yon lòt vòl ki ta prale […]Lire plus...
Jorge Messi, papa Lionel Andres Messi pèdi lavi nan vil Rosario nan peyi Ajantin ak 68 rekòt kafe sou tèt li aprè l te pase yon tan malad. Papa entènasyonal ajanten an t ap lite kont yon kansè pankreya e eta sante l pat sispann deteryore sitou dènye tan sa yo. Se yon gwo doulè […]Lire plus...
Waldex Valcourt, enspektè divizyonè ki fè pati 14e pwomosyon PNH la viktim kidnaping byen bonè maten samdi 8 dawout 2026 la devan lakay li Dèlma 31. Selon enfòmasyon yo, se pandan polisye pral travay atoufè yo kidnape l. Waldex Valcourt se yon ajan USGPN. Pandan Paraison ap chache gen rezon sou Dèlma, kidnaping nan toujou […]Lire plus...
Jij enstriktè Denis F. Ciprien konvoke ansyen senatè Moïse Jean-Charles pou l prezante nan kazye li madi 11 dawout 2026 a midi pou l vin reponn kesyon nan kad ankèt k ap mennen sou dosye asasina defen Jovenel Moïse la. Lidè Pitit Desalin nan konvoke kòm temwen nan dosye a. Moïse Jean-Charles reyaji rapid pou […]Lire plus...
Konsèy Elektoral Pwovizwa a mete deyò yon lis ki gen 18 regwoupman pati politik ki anrejistre nan kad preparasyon pou pwochen eleksyon yo. Piblikasyon sa a fèt aprè peryòd depo dosye yo fin fèmen ayè jedi 6 out 2026 la. Selon KEP a, 18 estrikti politik sa yo rasanble 236 pati ak òganizasyon politik sou […]Lire plus...
