Medsen San Fwontyè (MSF) anonse li sispann aktivite li yo ankò nan matènite Isaïe Jeanty, zòn Chansrèl nan komin Site Solèy. MSF pran mezi sa a akoz vyolans gang yo ki retounen monte anndan pi gwo bidonvil peyi a. Òganizasyon sanitè a fè konnen lavi pasyan ak pèsonèl medikal yo an danje anndan Site Solèy.
Dezisyon sa a pral gen gwo enpak sou moun malad yo, sitou fanm ansent ki toujou bezwen asistans medikal.





















