Jorge Messi, papa Lionel Andres Messi pèdi lavi nan vil Rosario nan peyi Ajantin ak 68 rekòt kafe sou tèt li aprè l te pase yon tan malad. Papa entènasyonal ajanten an t ap lite kont yon kansè pankreya e eta sante l pat sispann deteryore sitou dènye tan sa yo. Se yon gwo doulè pou Messi akoz papa l te jwe gwo wòl pou l vin moun li ye jodi a.
Lanmò papa 8 fwa balon dò a reprezante yon gwo pèt pou li ki ap resevwa anpil mesaj atravè mond lan pou kounye a.





















