Konsèy Elektoral Pwovizwa a mete deyò yon lis ki gen 18 regwoupman pati politik ki anrejistre nan kad preparasyon pou pwochen eleksyon yo. Piblikasyon sa a fèt aprè peryòd depo dosye yo fin fèmen ayè jedi 6 out 2026 la. Selon KEP a, 18 estrikti politik sa yo rasanble 236 pati ak òganizasyon politik sou 316 ki gen akreditasyon nan peyi a.
Aprè analiz dokiman yo, KEP a pral pibliye lis regwoupman pati politik ki jwenn validasyon final yo 8 dawout 2026.





















