Nan yon sikilè sèvis kominikasyon PNH la mete deyò sou paj Facebook li 10 septanm sa a, yo anonse chanjman plak imatrikilasyon yo sou tout 10 depatman peyi a. Plak yo ap gen yon fon blan ak kat jewografik la an jòn, non peyi a an fransè vètikalman sou bò goch ak anblèm peyi a anba l, yon viyèt anwo sou bò goch nimewo plak la, drapo a ap anba sou bò dwat, mo “Police” la ap ekri klè anba nimewo plak la epi pi ba se ap eslogan “La perle des Antilles” la.
Tout materyèl woulan lapolis ap gen plak sa yo e selon sa yo di, se pou yo ka gen plis kontwòl sou enstitisyon an.













