Nan yon sikilè sèvis kominikasyon PNH la mete deyò sou paj Facebook li 10 septanm sa a, yo anonse chanjman plak imatrikilasyon yo sou tout 10 depatman peyi a. Plak yo ap gen yon fon blan ak kat jewografik la an jòn, non peyi a an fransè vètikalman sou bò goch ak anblèm peyi a […]Lire plus...
Jeriah Mast, 45 lane, plede koupab madi 8 septanm 2026 devan yon tribinal federal Ozetazini pou 2 akizasyon ki gen rapò ak kadejak ak abi seksyèl sou ti gason ann Ayiti. Daprè Depatman Jistis Etazini, Mast te vwayaje ann Ayiti plizyè fwa ant 2002 ak 2019, sitou nan kad travay li ak òganizasyon Christian Aid […]Lire plus...
Yon avyon charter Depatman Imigrasyon ak Ladwà n Etazini ap pran direksyon Ayewopò Entènasyonal Okap jedi 10 septanm 2026, ak anviwon 70 migran ayisyen abò. Daprè enfòmasyon ki disponib, avyon an soti Alexandria, Louisiana, Ozetazini, epi li pase pa Miami, Florida, anvan li kontinye sou Ayiti. Vòl la idantifye kòm GXA6196. Selon sous ki swiv mouvman […]Lire plus...
Krim Nice B ak baz 400 mawozo fè sou jenn fi a pa gen okenn kalifikasyon pou li. Pandan yo lage avi rechèch dèyè koupab yo, pandan gen lajan entèlijans k ap gaspiye, nan menm peyi a, kriminèl yo òganize yon live TikTok ki gen pliske 100 mil moun k ap swiv li. Aprè avi […]Lire plus...
Kriminèl ak zam t ap fè tantativ pou kidnape Robert Deeb PDG DK Group nan Dèlma 31 byen bonè jedi 10 septanm 2026 la. Erezman gen yon bakòp lapolis ki te tou prè, yon bandi tonbe pandan gen yon sivil ki mouri nan menm sikonstans la. Ravisè yo te nan yon machin plak prive ki […]Lire plus...
Marc Justin pa direktè Direksyon Santral Polis Jidisyè ankò. Jounen mèkredi 9 septanm nan, yo ranplase l pa Mario Aubergiste ki te chèf kabinè Vladimir Paraison. Te deja gen plan pou ranplase l lontan sa men lè a pat ko rive.Lire plus...
