Jeriah Mast, 45 lane, plede koupab madi 8 septanm 2026 devan yon tribinal federal Ozetazini pou 2 akizasyon ki gen rapò ak kadejak ak abi seksyèl sou ti gason ann Ayiti. Daprè Depatman Jistis Etazini, Mast te vwayaje ann Ayiti plizyè fwa ant 2002 ak 2019, sitou nan kad travay li ak òganizasyon Christian Aid Ministries (CAM). Dosye federal yo montre li te fè plis pase 30 vwayaj ant Etazini ak Ayiti pandan peryòd sa a. Ka a te vin pi grav aprè Mast te admèt bay otorite ameriken yo an 2019 li te abize seksyèlman plis pase 30 tigason ann Ayiti, ansanm 4 timoun nan Ohio. Sepandan, pledwaye li fè madi a konsène 2 ka espesifik ki te fèt ann Ayiti.
Daprè akò pledwaye a, Mast ap fè fas ak yon posib santans 25 rive 33 ane prizon. Jij federal Donald C. Nugent fikse dat santans lan pou 15 desanm 2026.













