Krim Nice B ak baz 400 mawozo fè sou jenn fi a pa gen okenn kalifikasyon pou li. Pandan yo lage avi rechèch dèyè koupab yo, pandan gen lajan entèlijans k ap gaspiye, nan menm peyi a, kriminèl yo òganize yon live TikTok ki gen pliske 100 mil moun k ap swiv li. Aprè avi rechèch, anyen pa janm fèt pou montre CSPN nan ak Lapolis vle sove imaj peyi a. Gang yo kontinye defye yon Leta san jèn sa a ki dakò pou tout bagay fèt sou tèritwa li a.
Sa pwouve aklè moun k ap dirije Ayiti yo pa gen okenn volonte pou sitiyasyon an.













