Polis Nasyonal d Ayiti, Fòs Lame d Ayiti ak Task Fòs Primati a mete ansanm pou mennen yon operasyon gason pa kanpe nan komin Kenskòf jounen jedi 24 jiyè 2025 la. Selon ajan enterimè komin nan, Massillon Jean, gen anpil zagribay ki fè vwèl pou peyi san chapo e gen zam ki sezi tou pandan dwon kamikaz ap tonbe sou yo. Fòs lòd yo takle san manman yo nan zòn Gode, Belo ak Nankwoupi san bliye Fisi.
Gen anbitan nan zòn ki di se premye fwa yo wè fòs lòd yo frape konsa.





















