Prezidan peyi Kenya a, William Ruto fè Nasyon Zini konnen gen anpil posiblite pou l retire kò l nan dosye Fòs Miltinasyonal la. Prezidan kenyan an denonse mank angajman kominote entènasyonal la ki te pwomèt anpil bagay pou sipòte fòs la. Pa gen lajan e pa gen mwayen lojistik selon William Ruto. Peyi Kenya te atann li ak akonplisman pwomès yo men sa pa janm fèt.
Yon plenyen ki rive nan moman kote gang yo pa janm sispann kraze brize pi KPT a ap betize.