Lè Reginald Boulos te fè demand rezidans Ozetazini, li pat di li gen yon pati politik. Selon otorite yo Boulos se yon menas pou politik etranjè Etazini, li gen pouswit jidisyè sou do l pou kòripsyon an Ayiti, li konn fè vyolans nan peyi e l ap sipòte gang Viv Ansanm. Se pou rezon sa yo li anba kòd.
ICE di Boulos se youn nan boujwa ki destabilize peyi d Ayiti.




















