Sekretè d Eta ameriken an, Marco Rubio anonse y ap depòte tout resòtisan ayisyen ki gen rezidans k ap bay òganizasyon teworis ki rele Viv Ansanm nan sipò an Ayiti. Marco Rubio di gwoup teworis Viv Ansanm nan se motè vyolans lan nan peyi d Ayiti pandan li di Etazini p ap sitirè okenn moun ki legal k ap sipòte yo.
Marco Rubio dwe sonje kontwole zafè transfè zam nan ki se yon gwo pwoblèm pou Ayiti.





















