Nan yon nòt Ministè Jistis ak Sekirite Piblik peyi d Ayiti mete deyò, li di y ap remèt moun ki akize nan krim ak finansman gang yo bay komisè gouvènman an e aprè sa, y ap mete yo nan detansyon nan DCPJ oubyen yon lòt sant ki apwopriye. Nan nòt la, Minis Jitis la ki se Patrick Pelissier di komisè a ta dwe monte yon dosye epi transfere li bay kabinè enstriksyon.
Rete pou konnen si pawòl sa yo ap kenbe vre, lè n konnen kòman Jistis peyi d Ayiti pa kanpe sou anyen.





















