Alòske minis Kathia Verdier ki nan Ministè Ayisyen k ap viv lot bò dlo yo pa menm konn vrè wòl li nan pòs sa a, li antre nan yon lòt dosye li pa menm ka jere ankò. Dam nan di tout ayisyen ki ale aletranje se refijye ekonomik yo ye sa ki ta vle di se pa pwoblèm ensekirite ki mete yo deyò. Minis la pa gen kè sote nonplis pou l ajoute gouvènman enkonpetan li ladan l lan pare pou resevwa moun TPS yo si Etazini depòte yo.
Yon deklarasyon ki pwouve aklè se yon bann abolotcho, wòch nan dlo, yon bann initil ki nan gouvènman sa a. Deklarasyon Kathia Verdier a mete l fas ak yon pil moun sou rezo a ki voye anpil pawòl piman bouk pou li.