10,4 milya goud, se kantite lajan Administrasyon Jeneral Dwàn yo kolekte pou mwa jwen 2025 lan selon chif ki pibliye nan medya yo. Se vre chif sa a pa gen anyen pou wè ak mwa pase yo men li montre tou si pat gen kontrebann ak vòl sou fwontyè yo, asyèt fiskal Leta a t ap pi bèl. An tou, se 10 milya 496 milyon 491 mil 832 goud yo ranmase.
Lajan sa yo pa vrèman itil peyi a anyen paske se yon ti gwoup k ap pwofite gagote yo.