Anviwon 8 jou aprè moun Mibalè fin sabote kouran an nan Pelig pou egzije sekirite, brakè ki nan Leta yo poko di anyen. Sitiyasyon sa a mete responsab Lopital Lapè Dèlma 33 yo nan gwo tèt chaje. Se 600 mil goud yo blije depanse pou mete gaz nan jeneratris chak 3 jou pou yo ka ede malad yo. Sitiyasyon sa a p ap ka kontinye pou lontan si moun ki di y ap dirije yo pa fè yon fason pou retabli kouran an nan depatman Lwès la.
Okenn responsab jouk jounen jodi a poko janm pran mezi apwopriye pou jere pwoblèm sa a.