Operasyon gason pa kanpe sa a mennen nan blòk Matisan 2B vè 2è maten jedi 26 novanm 2026 la. Selon yon sous nan PNH la, yo rive detwi yon depo zam ak minisyon konplètman pandan gen anpil bandi ki mouri tou. Bilan ofisyèl pou konnen kantite bandi ak kalite zam ki te anndan depo sa a poko prezante.
Lapolis, salvadoryen yo ak task fòs la kenbe Matisan nan gòj dènye jou sa yo.















