Selon dènye eleman enfòmasyon ki sòti nan komin Kenskòf aprè masak Bonga a, bigadye yo dekouvri anviwon 9 kadav nan raje pandan y ap fè rechèch. Selon temwen yo, gen moun yo poko jwenn, yo kontinye ap chache yo pandan gen lòt ki ap pran swen ka yo nesesite sou kabann lopital. Se nan mache Bonga a a teworis yo fè masak sa a nan sware 24 pou bout 25 novanm 2026 la.
Rechèch yo ap kontinye pou yo ka konnen ki kantite moun egzateman ki viktim anba men kriminèl yo.













