Hervé Laplante debake jan sa te prevwa nan ayewopò Okap la mèkredi 16 jiyè 2025 lan. Nan SDPJ Okap la, li deklare nan mikwo Ti Zo Le Spécimen sa ki rive li a pa yon fatalite. Laplanta di li se ayisyen, li nan peyi l e li alèz. Blogè a ki debake ak yon paspò kanadyen nan men l ajoute avan lontan l ap rive Kanada men avan sa, li gen pou l pale ak tout moun piblikman.
Hervé Laplante atravè yon tatou ki sou po l fè konnen li pote Ayiti ak Petyonvil nan nanm li.




















